Hébreu Dessalines
Ki moun ki Hébreu Dessalines?
- Hébreu Dessalines se fondatè ak prezidan Repons Katolik.
- Aprè Hébreu te fin etidye Jeni Endistriyèl ak yon metriz nan Jesyon Antrepriz, li te wè nesesite pou l te akonpanye konesans li yo avèk plis ansèyman sou Bondye. Se konsa, Hébreu te kontinye etid li, jiska li te resevwa yon metriz nan Tewoloji nan Inivèsite Fransisken (Franciscan University at Steubenville in Ohio, USA).
- Hébreu ap viv nan Florid avèk fanmi li (madanm li Aline ak kat timoun Bondye fè yo kado).

Ou ka envite Hébreu Dessalines pou yon konferans nan dyosèz, pawas, gwoup, ou byen lekòl ou yo sou sijè sa yo:
Maryaj e Seks:
- Ki sa ki maryaj?
- Kòman pou n prepare nou pou maryaj?
- Kòman pwoteje jèn yo kont pònografi?
- Enpòtans papa nan fwaye a
-
Teknik pou diskite lafwa w avèk moun ki pa Katolik?
-
Rezon pou tout moun Katolik.
-
Rankont avèk Jezi Kri nan Lamès.
-
Pitit ou pa al legliz ankò?
Resèt pou n genbe timoun nou yo Legliz.
-
Pou ki Bondye kite soufrans nan lavi nou?
-
Sakreman yo nan Labib.
Kominyon sen yo:
- Lapriyè Manman Mari ak lapriyè sen yo selon Labib.
- Estati ak idolatri nan Labib.
- Pigatwa selon Labib.
- Lavi aprè lanmò.